Psalms 140

1Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. 2Seyè, delivre m' anba mechan yo non! Pwoteje m' anba ansasen yo non, 3anba moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife. 4Lang yo se razwa. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik. 5Seyè, pa kite m' tonbe anba men mechan yo, pwoteje m' anba ansasen yo k'ap chache jan pou yo fè m' tonbe. 6Awogan yo pare yon pèlen pou mwen, yo tann pèlen kòd pou mwen, yo mete moun veye m' sou tout chemen mwen. 7Mwen di Seyè a: -Se ou ki Bondye mwen. Koute m' non, Seyè, lè m'ap rele nan pye ou. 8Seyè, Bondye mwen, ou se fòs ki pou sove m' lan. W'ap pwoteje m' lè batay la mare. 9Seyè, pa kite mechan yo fè sa yo gen lide fè a! Pa kite sa yo vle fè a rive! 10Pa kite moun ki pa vle wè m' yo dominen sou mwen. Se pou mechanste ki nan bouch yo a tonbe sou yo! 11Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli. Se pou l' fè yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo p'ap janm ka leve sòti. 12Se pou moun k'ap pale moun mal yo pèdi pye nan peyi a. Se pou malè tonbe sou ansasen yo pou l' touye yo. 13Mwen konnen Seyè a va fè pòv yo jistis. L'a defann kòz moun ki san sekou yo. Wi, moun k'ap mache dwat yo va fè lwanj li. Moun ki obeyi l' yo va toujou viv devan l'.
Copyright information for Haitian